Friday, December 5, 2014

Une Etoile S’est Eteinte




Se avek anpil chagren ke nou apran lanmo aktris Mona Robillard ki mouri nan seman Thanksgiving nan lakou Florida. Madam Robillard te yon aktris ki komanse karye li lontan, daye li te jwe rol Manuella Chapito nan seri televizion “Languichatte au 20e Siecle.”  Apre sa, Madam Robillard te jwe nan plizye film avek realizate Raynal Delerme tankou nan “Infidelite” li te jwe rol Mme Sherovsky avek Marjorie Renaud et Raynal Delerme menm. Madam Robillard te jwe rol Jacqueline ki te manman Natalie (Juliette Milford) nan fim realizate Samuel Vincent ki rele “Natalie.” Nap swete kondoleans nou a tout fanmiy, zanmi et fanatik Madam Robillard a la ronbade. May she Rest In Peace.

 Photos via Belfilm.com

No comments:

Post a Comment